beloEkoloji歌词-查字典简谱网
当前位置:查字典简谱网 > 歌词 > 正文

Ekoloji

作者:
belo
风格:
歌词
上传时间:
2016-12-22

  Ekoloji - Belo

  Tèt mòn lakay yo chagren

  Sezon lapli a tanmen

  Dan wòch ak sab degrennen

  Nan fon lanmè y'al fè yon kwen

  Do plèn kòche gòj yo tòde

  Sezon sèk savann dezole

  Latè deklare trip kòde

  Wout lawouze yo egzile

  Bagay yo mare

  Yo antòtye

  Lavi lanmò mizè rere

  Nou eskpoze nou andanje

  Malè pandye mobilize

  Fòn pran fòm kòn

  Poun pa pou kòn nan foul la nan foul la

  Fòn veye zn

  N'ap pèdi pon nan foul la nan foul la

  Fòn pran fòm kòn

  Poun pa pou kòn nan foul la nan foul la

  Fòn veye zon

  N'ap pèdi pon nan foul la

  Lord

  Tout mòn lakay deplimen

  Pa ret yon ti zèb ginen

  Ekosistèm anvliman

  Anpil sous

  Bon ti sous anpwazonnen

  Zannimo yo jennen yo detounen

  Mikwòb maladi dechennen

  Vizaj peyim grizonnen

  Sin pa pran byen

  P'ap ret anyen

  Bagay yo mare

  Yo antòtye

  Lavi lanmò mizè rere

  Nou eskpoze nou andanje

  Malè pandye mobilize

  Fòn pran fòm kòn

  Poun pa pou kòn nan foul la nan foul la

  Fòn veye zon

  N'ap pèdi pon nan foul la nan foul la

  Fòn pran fòm kòn

  Poun pa pou kòn nan foul la nan foul la

  Fòn veye zon

  N'ap pèdi pon nan foul la nan foul la

  Papiyon ak myèl yo kraponnen

  Bèt nan dlo yo vanse bay legen

  Ti zwazo pa santi y'ap viv byen

  Yo pran refij

  Yo kay vwazen

  Sin pa pran byen

  Yo p'ap tounen

  Prekosyon pa kapon

  Fòn pran fòm kòn

  Poun pa pou kòn nan foul la nan foul la

  Fòn veye zon

  N'ap pèdi po n nan foul la nan foul la

  Fòn pran fòm kòn

  Poun pa pou kòn nan foul la

加载全文
收起
下一篇:Procura-Se um Amor
推荐文章
猜你喜欢
附近的人在看
推荐阅读
拓展阅读
相关推荐
猜你喜欢
乐友都在找
小编推荐

站内导航
尤克里里谱
歌词
歌手
电子琴谱
音乐视频
笛箫谱
合唱谱
简谱
总谱
提琴谱
古筝谱
二胡谱
格式
风格